Quantcast
Channel: Radio Kiskeya
Viewing all articles
Browse latest Browse all 90

Aktyalite nasyonal la, madi 6 septanm

$
0
0

Devan divès bwi ki ap kouri ak akizasyon ki ap tonbe, direktè ekzekitif KEP a, Uder Antoine, deklare jounen madi a endistriyèl Andy Apaid pa ni anplwaye, ni konsiltan, nan Konsèy Elektoral la. Selon Uder Antoine, ki tap rankontre laprès, tout sa k'ap fèt nan sant tabilasyon an se li ki bay otorizasyon pou yo fèt.


Sekretè jeneral Fuzyon an, enjenyè Rosemond Pradel, kritike desizyon KEP a pran pou se sou entènèt li fè pati politik yo enskri mandatè yo, kòm yon mezi ki pa gen ankenn sans. Ansyen konseye elektoral la kwè sa ap anpeche pati politik yo gen kantite mandatè nesesè yo nan biwo vòt yo. Li swete responsab KEP a fè bak sou desizyon sa a rapi rapid alòske jounen madi a operasyon anrejistreman sou entènèt yo fèmen ofisyèlman.
-----------------------------------------------------------------------------------------------
Yon nouvèl òganizasyon yo rele Fòs Fanm Pitit Dessalines, ki reyini kèk miltant politik tankou Marie-France Claude ak Barbara Guillaume, envite tout fanm nan peyi a al vote lidè Platfòm Pitit Dessalines nan, Jean-Charles Moïse, 9 oktòb kap vini an. Oganizasyon sa a rankontre laprès pou lapremyè fwa jounen madi a, nan ri Baussan, Tijo.


Biwo avoka entènasyonal yo (BAI) nan tèt kole ak MOLEGHAF anonse yap òganize madi 13 septanm nan yon sitin devan Palè Nasyonal pou yo mande prezidan pwovizwa a, Jocelerme Privert, pa renouvle manda MINUSTAH, epi pran yon pozisyon anfavè viktim kolera yo, lavèy reyinyon Konsèy Sekirite Nasyonazini an sou dosye sa a. Nan yon konferans pou laprès jounen madi a, responsab BAI a, Mèt Mario Joseph, deklare 30 dawout, yo te rankontre yon delegasyon nasyonzini ki te gen nan tèt li David Navaro, yo te brase lide sou dosye viktim kolera yo.


Viewing all articles
Browse latest Browse all 90