Kòdonatè LAPEH a, ansyen senatè Jean Hector Anacacis, konfime jounen samdi a ansyen prezidan René Préval ak plizyè dirijan Platfòm Verite ap kore kandida alaprezidans Lapeh a, Jude Célestin. Ansyen Senatè a tou revele, san l pa t vle site ankenn non, gen lòt kandida alaprezidans ki pral fè anpil moun sezi, nan jou kap vini yo, lè yap kite kous la pou yo kanpe dèyè Célestin. Jean Hector Anacacis, ki pat vle reyaji sou wòl André Apaid Junior ta ap jwe nan sant tabilasyon an, di li gen enkyetid sou dewoulman prosesis elektoral la, men tou li wè KEP a ap pran dispozisyon pou l mete lòd nan bagay yo.
--------------------------------------------------------------------------------------------
Ansyen kandida alaprezidans MAS la, Eric Jean-Baptiste, kap sipòte kandida Jude Célestin, pa wè tap gen yon pwoblèm si ansyen lidè Gwoup 184 la, Andy Apaid, ta jwe yon wòl nan machin elektoral la paske li se yon sitwayen ayisyen. Men, biznismann nan mande aktè politik yo veye pandan l denonse, yon lòt pa, move sitiyasyon ekonomik popilasyon an ap viv jodi a.
Sou menm kesyon prezans biznismann André Apaid ta genyen bò kote prezidan KEP a, Léopold Berlanger, kandida alaprezidans Platfòm Pitit Dessalines nan, Jean-Charles Moïse, ak René Momplaisir, sipòtè Jude Célestin, denonse dènye jou sa yo, konseye stratejik PHTK a, Guichard Doré, fè konnen mesye Apaid se yon sitwayen ayisyen ki ka ede peyi ‘l nan nenpòt domèn, depi l gen konesans pou sa. Reprezantan Pati Ayisyen Tèt Kale a voye jete enfòmasyon ki ta vle fè kwè gen relasyon sere sere ant PHTK ak Andy Apaid.
Sou menm kesyon kesyon prezans biznismann André Apaid ta genyen bò kote prezidan KEP a, Léopold Berlanger, kandida alaprezidans Platfòm Pitit Dessalines nan, Jean-Charles Moïse, ak René Momplaisir, sipòtè Jude Célestin, denonse dènye jou sa yo, konseye stratejik PHTK a, Guichard Doré, fè konnen mesye Apaid se yon sitwayen ayisyen ki ka ede peyi ‘l nan nenpòt domèn, depi l gen konesans pou sa. Reprezantan Pati Ayisyen Tèt Kale a voye jete enfòmasyon ki ta vle fè kwè gen relasyon sere sere ant PHTK ak Andy Apaid.
Senatè nòdwès la, Onondieu Louis, kritike gouvènman an li di ki ap jwe sou 2 tablo konsènan eleksyon yo. Selon palmantè opozisyon an, yon pa otorite pwovizwa yo vle pou eleksyon yo fèt, men, yon lòt pa, yo ta swete rete plis sou pouvwa a. Reprezantan KID la denonse, nan menm sans la, gouvènman an ki ta bay ministè enteryè jere plis pase 300 milyon goud pou ede fanmi afè pa bon yo nan okazyon rantre lekòl la, lendi, alòske se ministè edikasyon nasyonal ki ta dwe responsab dosye sa a. Konsènan akizasyon ki pote kont André Apaid la, Onondieu Louis di li bay deklarasyon sa yo ankenn enpòtans.
Kandida senatè lwès OPL la, mèt Lucmane Délille, lanse kanpay elektoral li vandredi aprèmidi nan Kabarè, sou yon teren foutbòl, an prezans yonn nan manm kòdinasyon nasyonal pati a, ansyen depite Harry Marsan ak kodonatè depatmantal lwès la, Hervé Saintilus. Ansyen komisè gouvènman Pòtoprens la te mande moun ki te la yo vote pou li 9 oktòb paske yo dwe fè bon chwa ki chita sou onètete, konpetans ak eksperyans.
Gwo tansyon ant meri komin Akayè ak Kabarè ki ap goumen pou kontwòl lokalite Bercy. Majistra prensipal Akayè a, Rosemila Petit-Frère, akize alatèt administrasyon kominal Kabarè a, Joseph Wills Thomas, kòmkwa li ta debake ak nèg ame pou anpeche l fè yon aktivite. Daprè majistra Site drapo a, mesye Thomas deklare Bersi pa pou Akayè, se sou tèritwa Kabarè li ye. Sitiyasyon sa a te pwovoke yon gwo mouvman pwotestasyon sou wout nasyonal # 1 an ki te bloke ak barikad soti vandredi apremidi pou rive jounen samdi a. Majistra Kabarè a te menase l ak zam epi tonbe tire sou polisye ki te akonpanye l yo, daprè temwanyaj Rosemila Petit-Frère.
Sou bò pa l, majistra Kabarè a voye jete akizasyon alatèt site drapo a. Joseph Wills Thomas akize, li menm tou, madam Petit-Frère kòm kwa se li ki te debake ak gwo zam nan Bercy pou fè dezòd. Moun nan popilasyon an ta sezi yon galil pou li, toujou selon majistra Fanmi lavalas la. Depi lontan Bercy pa pou Arcahaie, majistra Rosemila Petit-Frère te kapab mouri nan ensidan yo si yo pat pwoteje l, pawòl Joseph Wills Thomas.
Prezidan Asosyasyon pwopriyetè chofè Dayiti yo (APCH), Changeux Méhu, ansanm ak plizyè lòt aktè nan sektè transpò a te nan yon delegasyon ki te al depoze maten samdi a, nan Dèlma 2, sou pis aviyasyon an, yon jèb flè nan memwa sendikalis parèy yo, Jean Emmanuel Tertulien, bandi ak zam te asasinen 15 dawout pase a. Manm APCH la antere menm samdi a nan Guyàn Fransèz. Madanm Jean Emmanuel Tertulien, ki te blese anba bal nan ensidan an, te al mouri sou kabann lopital, mèkredi 31 dawout la. Responsab APCH la denonse iresponsabilite otorite yo epi reklame jistis pou viktim yo ki te envesti nan transpò piblik nan peyi a.
Dirijan APCH la, Changeux Méhu , ki tap reponn kesyon jounalis sou diskisyon kap dewoule ant gouvènman an ak reprezantan sektè transpò a sou posibilite pou yo ta ogmante pri gaz la sou mache a, soulinye yo kontinye ap travay sou yon pwotokòl dakò. Sendikalis la raple otorite yo nesesite pou yo respekte akò 6 mas 1995 la ki prevwa chita pale lè pri gaz la monte oubyen desann sou mache entènasyonal la.
----------------------------------------------------------------------------------------------
Pwosè Clifford Brandt ak konplis yo ap rapousuiv nan Palèd jistis Pòtoprens kote ministè piblik la, ki gen alatèt li komisè gouvènman an, Mèt Danton Léger, reklame kondanasyon prizon avi pou biznismann nan kòm chèf yon gwo rezo kidnapè ki tap frape fò nan peyi a. Devan tribinal kriminèl la, ministè piblik la, ki mete aksan sou tò krim yo rele kidnaping nan fè sosyete a, mande tou gwo santans pou lòt akize yo konsènan responsablite yo nan anlèvman ak sekestrasyon Coralie ak Nicolas Moscosso, ann oktòb 2012.
Sou bò pa l, yonn nan manm konsèy defans la, mèt Fritzner Raphaël, ki ap defann Ricot Pierre-Val, prezante kliyan l lan kòm yon inosan. Avoka a pale de kou alfabetizasyon pou yo ta fè pou yon seri responsab lajistis li twouve ki manke sou konesans yo.