Apre operasyon Senmak la kote otorite yo te sezi jedi apremidi yon machin ki te soti Ozetazini ak plis pase 150 fizi 12, 5 M4, anviwon 30 mil katouch plis ekipman militè, sekretè deta sekirite piblik la, Himmler Rébu, deklare DCPJ pran ankèt la an men pou l jwenn kimoun ki dèyè zak sa a. Ansyen kolonèl la, ki pat vle fè ankenn kòmantè sou si debakman zam nan ta gen rapò ak pwochèn eleksyon yo, presize dwe gen mezi ki pran pou kwape trafik zam nan peyi a ak ranfòse kapasite kontwòl alafwa ladwàn ak imigrasyon.
Chèf pakè Senmak la, mèt Franck Jean, presize nan ankèt yap mennen sou dosye sa a gen lòt pis yap suiv e gen plizyè moun lajistis kòmanse tande. Komisè gouvènman an pwomèt pou yo vanse nan ankèt la pou rezilta a kapab soti anvan lontan. Selon sa li konprann, ta sanble se yon kò ame yon seri nèg tap pare fòme. Moun, ki te al chache machin nan, te fè ajan dwanye yo konnen se pou yon otorite li te ye, san l pat di kiyès anvan l te disparèt.
Sou bò pa l, direktè depatmantal polis Latibonit la, komisè divizyonè Jean Bazelais Bornélus, konfime gen yon ankèt ki louvri, san l pat vle bay twòp detay li panse ki ka bloke avansman dosye a. Deja gen plizyè eleman enfòmasyon ki kapab sèvi anketè yo, selon direktè depatmantal PNH la ki aplodi jan popilasyon an ofri kolaborasyon l.
Senatè Latibonit la, Youri Latortue, ki egzije yon ankèt prese prese pou yo ka dekouvri pwopriyetè zam ilegal sa yo, fè konnen li gen anpil enkyetid fas ak sitiyasyon sa a ki vin rann pwosesis elektoral la frajil. Ansyen konseye prezidansyèl la sou rejim Tèt Kale a plede anfavè aboutisman eleksyon yo.
Platfòm sendika anseyan yo menase lanse yon modòd grèv pou l fòse otorite konsène yo pran an konsiderasyon doleyans yo. Kòdonatè GIEL la, Leonel Pierre, denonse fason minis edikasyon nasyonal la ap jere plizyè dosye tankou sibvansyon liv yo, direktè lekòl ki nan PSUGO a ak aryere salè pwofesè lekòl piblik yo. Deklarasyon Léonel Pierre nan mikwo Vladimir
Responsab konpayi Transport Chic la, Marie Laurette Saint-Fort, rakonte kòman machin li yo viktim divès zak vyolans sou wout nasyonal #2 a, espesyalman nan Grand Goave, dènye jou sa yo. Nan yon rankont ak laprès maten vandredi a, nan lokal konpayi an, Pòtay Leogane, li presize 1er septanm, yon gwoup manifestan vyolan te kraze 5 machin pou Transport Chic, 2 ki tap sòti Okay ak 3 lòt ki ta prale nan zòn Sud la. Selon Madam Saint Fort, konpayi an ap sibi zak sa yo depi an 2009, men li pat vle janm pale pou l pat dekouraje lòt moun ki ap fè efò pou modènize biznis transpò piblik la, ann Ayiti. Pwopriyetè Transport Chic la ajoute li pa kapab sipòte ankò,li mande otorite yo degaje yo mete sekirite sou wout nasyonal yo touris toujou frekante.