Kandida alaprezidans Platfòm Pitit Dessalines nan, Jean-Charles Moïse, mande prezidan KEP a, Léopold Berlanger, pou l klarifye kèk pwen li di ki pa parèt klè, nan kad dewoulman pwosesis elektoral la, nan sant tabilasyon an. Ansyen senatè a, ki deklannche yon polemik ak alatèt Konsèy Elektoral la, li anonse li pral ekri, kenbe deklarasyon li te fè dimanch nan Akayè a lè l denonse prezans endistriyèl André Apaid Junior nan sant tabilasyon an. Nan yon konferans pou laprès jounen mèkredi a, lidè Platfòm Pitit Dessalines nan menase, si semèn sa a pwoblèm li siyale yo pa rezoud, apatid lendi, yo pral plante pikèt yo devan lokal Konsèy elektoral pwovizwa a.
Apre deklarasyon ofisyèl ki demanti li ta manm fondatè Fondasyon Konesans ak Libète, kandida alaprezidans Platfòm Pitit Dessalines nan mande responsab FOKAL la, Michèle Duvivier Pierre-Louis, pou l di kiyès ki te envite lòt nan Fondasyon an epi kòman fè se kounyeya li soti yon nòt politik kont li. Gen yon lèt ki pral jwenn madan Pierre-Louis nan sans sa a. Ansyen Senatè Nò a, ki ajoute se li menm ki te mete madan Pierre-Louis an kontak ak milyadè Georges Soros, pou l te jwenn èd pou FOKAL ki ta pran yon direksyon li pa renmen, kwè se wòl li te jwe nan entèpelasyon ak revokasyon ansyen Premye minis la, an 2009, yap fè l peye.
Jean Charles Moïse anonse patisipasyonl' nan Labor Day, randevou kiltirèl ameriken chak ane, k'ap dewoule 5 septanm nan New York. Se biwo reprezantan gouvènè eta New York la ki envitel pote drapo peyi Dayiti nan evénman sa a, daprè deklarasyon Kandida alaprezidans Platfòm Pitit Dessalines nan.
-----------------------------------------------------------------------------------------------
Lapolis deja defini plan pou l garanti sekirite tout moun pandan kanpay elektoral la ak reyouvèti lekòl la lendi pwochen, selon pòtpawòl adjwen Enspeksyon jeneral Polis Nasyonal la, komisè divizyonè Benjamin Jean-Claude. Nan konferans bilan IGPNH prezante chak mwa a, responsab la, ki pa founi ankenn detay, fè konnen tout inite PNH yo ap mobilize pou yo mete plan sekirite sa a ann aplikasyon.
----------------------------------------------------------------------------------------
Plis pase yon semèn apre konsèy elektoral la te lanse kanpay elektoral la, senatè Plato Santral la, Francisco de la Cruz, di l konstate poko genyen fyèv elektoral nan peyi a. Selon palmantè OPL la ki kandida pou menm pós la se sitiyasyon ekonomik difisil paran yo ap fè fas nan kad rantre lekól la ki lakóz pa gen yon veritab mobilizasyon bó kote popilasyon an nan peryód kanpay la. Francisco Delacruz mande pèp ayisyen an mobilize pou al vote nan pwochèn eleksyon yo pou chwazi senatè ak prezidan yo estime kap kapab pote chanjman pou peyi a.Konsènan desizyon KEP a pran pou redwi biwo vót yo,senatè Delacruz deklare desizyon sa a ap gen gwo enpak sou dewoulman eleksyon yon an jounen 9 októb la.
Senatè Nódès la, Jacques Sauveur Jean, mande tout aktè ki konsène nan pwosesis elektoral la pran responsabilite yo pou eleksyon yo kapab fèt 9 októb. Selon palmantè PHTK a, se yon nesesite pou etap sa a franchi pou kapab genyen otorite lejitim ki vin dirije peyi a. Senatè Jean mande KEP a korije tout fay yo konstate nan machin nan pou evite gen pwoblèm nan eleksyon an. Li presize lap kontinye sipóte kandida alaprezidans PHTK a, Jovenel Moïse, paske se sou banyè sa a li te eli nan Nòdès.
Pòtpawòl ann apre IGPNH la drese bilan travay enspeksyon jeneral la pou mwa dout la. Komisè divizyonè Benjamin Jean-Claude presize yo resevwa 78 plent kont polisye pou divès akizasyon pami yo agresyon, menas ak vyolans epi yon polisye plase ann izolman pou krim li ta komèt. Benjamin Jean-Claude fè konnen, soti janvye pou rive mwa dout la, yo fè 12 rekòmandasyon pou miz an disponibilite, 39 pou sispansyon, 25 rekòmandasyon pou klasman, yon lèt blam epi 8 rekòmandasyon pou transfè dosye nan pakè Pòtoprens.