4 moun mouri anba maladi kolera soti yè pou rive jodi a nan zòn Opak sou zile lagonav. Yon responsab MSPP sou zile lagonav konfime nouvèl la pou korespondan nou Jean Prinston Toussaint.
3 moun mouri toujou anba maladi kolera nan lagon, yon lokalite nan komun Terre Neuve. Direktè sèvis nan lopital Alma nan gwo mòn kritike otorite yo ki pa fè okenn entèvansyon pou frennen maladi a nan komin nan.
Prezidan pwovizwa a, Jocelerme Privert, anonse 9 septanm gouvènman an ap dekese 11 milyonn dola pou KEP a kapab gen mwayen pou l reyalize eleksyon yo. Chèf leta a fè anons sa a jounen madi a nan Palè Nasyonal pandan yon rankont ak minis afè etranjè dominiken an, Miguel Vargas Maldonado, ki te an vizit nan Pòtoprens. Desizyon sa a montre pouvwa a vle òganize eleksyon nan peyi a selon Prezidan Jocelerme Privert.
Minis afè etranjè a, Pierrot Délienne ak tokay dominiken li, Miguel Vargas Maldonado, òganize yon rankont jounen madi a epi siyen yon akò pou ranfòse relasyon zanmitay ak koperasyon ki genyen ant 2 peyi yo. Chita pale sa a dewoule nan otèl El Rancho, an prezans delegasyon ofisyèl ayisyen ak dominiken. Minis Délienne deklare akò ki siyen an ap pèmèt yo wè ansanm tout difikilte epi mete an plas yon strikti fasilitasyon pou pèmèt gouvènman 2 peyi yo ak sektè prive a travay an kolaborasyon pou avansman yo.
Sou bò pal, minis relasyon eskteryè repiblik Dominikèn nan swete pou akò sa a fasilite aksè pou komès ant Ayiti ak repiblik Dominikèn. Mesye Maldonado fè konnen yo abòde tou kèk pwen enpòtan k'ap nan mitan deba komisyon miks 2 peyi yo ki dwe fèt nan mitan mwa doktòb.
Pati Fusion Sosyal Demokrat yo lanse kanpay kandidat alaprezidans li a, ansyèn senatris Edmonde Supplice Beauzile, jounen madi a nan Mibalè, nan Plato Santral. Sekretè nasyonal jistis pati a, Mozart Clérisson, te pase nan Radyo Tele Kiskeya pou l te mande popilasyon an al patisipe nan ouvèti ofisyèl kanpay Kandidat la.
Kandida senatè Lwès la anba banyè Platfòm Verite, Alix Didier Fils-Aimé, felisite KEP a pou yon seri desizyon li pran tankou enskripsyon sou entènèt pou mandatè yo. Nan yon deklarasyon li fè jounen madi a nan mikwo Radio Tele Kiskeya, kandida a prezante tèt li kòm yon moun ki, si l pase, pral travay nan palman an pou l ede peyi a soti nan sitiyasyon difisil li twouve'l la.
Yon delegasyon Baz Kominikasyon Popilè (BAKOP), yon òganizasyon Lavalas, deklare tès lansman kanpay pati Jean-Bertrand Aristide la te fè lendi a nan Petyonvil montre a klè sondaj ki konn fèt yo se fo sondaj pa rapò ak kantite moun ki te pran lari. Michelet Dorélien, ki tap pale nan non BAKOP, mande pou popilasyon an vote lidè pa yo ki se Maryse Narcisse.
Riclais Jules, Kòdonatè kanpay Parick Severin, kandida depite Inite Patriyotik pou premye sikonskripsyon Pòtoprens, denonse nan yon konferans pou laprès komisyon ankèt administrativ konsèy elektoral pwovizwa a te fòme pou fè limyè sou eleksyon 9 out 2015 yo nan sikonskripsyon an. Selon Jules, KEP a ta poze yon zak ki pa janm fèt nan istwa eleksyon okenn kote lèl deside reyalize yon 2èm tou ak 3 kandida, san l pa di kòman yo pral mete 3 foto sou yon bilten vòt.
Sena repiblik la óganize yon rankont jounen madi a ak responsab BRH, APH, UCREF ak CONALD sou enpótans lwa kont blanchiman lajan ak finansman teworis la genyen pou peyi a. Prezidan Gran Kò a, senatè Ronald Larèche, fè konnen biwo a te pran desizyon envite aktè ki konsène nan dosye a pou palman an te ka konprann pi byen danje ki ap menase Ayiti si lwa sa a pa ta rive vote. Senatè Larèche ajoute Sena a ap tann minis jistis la, Mèt Camille Junior Edouard, vin fè ekspoze motif tout pase men ki dwe fèt nan dokiman an pou evite peyi a tonbe anba sanksyon system finansye entènasyonal la. Palman an ap gentan vote lwa a anvan mwad novanm, delè Ayiti genyen pou l vote tèks la, daprè Senatè Ronald Larèche.
PDG UNIBANK la, Carl Braun, felisite palman an pou rankont sa a ak tout aktè nan sistèm nan ki konsène nan afè blanchiman lajan ak finansman teworis la. Reprezantan sektè biznis la swete gen dispozisyon ki pran pou lwa a vote pou pwoteje sistèm bankè ayisyen an. Li avèti si palman an pa vote lwa a lap gen gwo konsekans sou peyi a.
Prezidan GPEP la, depite Jerry Tardieu, mande gouvènman an vin depoze pwojè lwa amande a nan palman an pou depite ak senatè yo kapab vote l. Palmantè a pa kache desepsyon l akóz pouvwa egzekitif la, patikilyèman minis jistis la, pa mete palman an nan diskisyon kap fèt sou lwa a pou l kapab pase pi rapid. Alatèt GPEP la raple gouvènman an chanm depite a prale an vakans lendi 12 septanm, li swete lwa a ap depoze nan semèn nan.
Konsèy elektoral pwovizwa a pa enfòme ofisyèlman de manda lajistis ta lage dèyè kandida o sena Guy Philippe ak yon dokiman UCREF ki soupsone kandida Jovenel Moise ta enplike nan detounman lajan selon direkte kominikasyon KEP a, Richardson Dumel. Direktè kominikasyon ak pot pawòl konsey elektoral pwovizwa a Nicole Siméon te rankontre laprès jounen madi a pou bay eksplikasyon sou avansman pwosesis elektoral epi anonse nouvote kap gen nan eleksyon yo ane sa a. Sou dosye Gran Gwav la, mesye Dumel anonse Konsèy la ap gen pou trete dosye sa nan yon pwochèn sesyon BCEN kap gen pou syeje san li pat bay dat pou sa. Pi lwen responsab kominikasyon KEP a, fè konnen direkte rejis elektoral la, Philippe Augustin twouve l aktyèlman nan Dubaï pou verifye enpresyon bilten yo.
Sou bò pa l, pòt pawòl KEP a, Nicole Siméon raple anrejistreman mandatè yo ap bout Jodi madi a, a minwi selon pwolongasyon ki te bay pou faz sa a, materyèl non sansib yo ap kontinye rive nan peyi a epi yap rapouswiv a fòmasyon pou pèsonèl elektoral la selon pòt pawòl enstitisyon elektoral la. Madam Nicole Siméon.
Konsèy elektoral pwovizwa a lanse yon konkou sou rezo sosyo yo ki pote non Angajman 2 pwen zero ki vize ankouraje jèn yo vin patisipe nan eleksyon yo. Moun ki enterese yo ap kapab voye yon foto oubyen yon ti videyo ki pap fè pwopagand pou ankenn kandida men ki ensite plis jèn pou al vote. Madam Siméon fè konnen jèn soti 18 pou rive 35 lane ki sou tout teritwa a kapab voye foto ak videyo yon an adrès elektwonik ki se concours@cephaiti.ht. Responsab la presize yap rekonpanse 6 moun ki gen plis like ak view sou facebook, twetter ak instagram. Eksplikasyon pòt pawòl KEP a, Nicole Simeon toujou nan mikwo Jean Joseph Noneaud.
Pati Fusion Sosyal Demokrat yo lanse kanpay kandidat alaprezidans li a, ansyèn senatris Edmonde Supplice Beauzile, jounen madi a nan Mibalè, nan Plato Santral. Sekretè nasyonal jistis pati a, Mozart Clérisson, te pase nan Radyo Tele Kiskeya pou l te mande popilasyon an al patisipe nan ouvèti ofisyèl kanpay Kandidat la.
Kandida senatè Lwès la anba banyè Platfòm Verite, Alix Didier Fils-Aimé, felisite KEP a pou yon seri desizyon li pran tankou enskripsyon sou entènèt pou mandatè yo. Nan yon deklarasyon li fè jounen madi a nan mikwo Radio Tele Kiskeya, kandida a prezante tèt li kòm yon moun ki, si l pase, pral travay nan palman an pou l ede peyi a soti nan sitiyasyon difisil li twouve'l la.
Yon delegasyon Baz Kominikasyon Popilè BAKOP, yon òganizasyon Lavalas, deklare tès lansman kanpay pati Jean-Bertrand Aristide la te fè lendi a nan Petyonvil montre a klè sondaj ki konn fèt yo se fo sondaj pa rapò ak kantite moun ki te pran lari. Michelet Dorélien, ki tap pale nan non BAKOP, mande pou popilasyon an vote lidè pa yo ki se Maryse Narcisse.