Bandi ak zam touye apremidi vandredi a yon etranjè nan zòn ansyen Achiv Nasyonal, ant Pòs Machan ak Sanfil. Daprè premye eleman enfòmasyon yo, viktim nan, Isabelle Sola Macas, se yon sitwayèn espanyòl ki tap soti labank. Enfòmasyon pòtpawòl annapre PNH la, enspektè prensipal Garry Desrosiers, pa konfime. Responsab la pale, yon lòt pa, de yon kenzèn chanjman ki fèt sitou nan direksyon depatmantal PNH yo. Chanjman sa yo pa gen anyen pou wè ak eleksyon ki pral fèt yo, daprè Gary Desrosiers.
Kandida senatè depatman lwès Volcy Assad, ki parèt anba banyè ENTREH, apre divòs li ak Platfòm Pitit Desalin epi lidè li Jean-Charles Moïse, anonse ouvèti kanpay li dimanch, nan Dèlma 2. Nan yon konferans pou laprès jounen vandredi a, nan Palais de l'art, kandida a raple kalite batay divès moun, pami yo li menm, te mennen nan lari a fas ak ansyen rejim Tèt Kale a, pou te kapab gen stabilite politik ann Ayiti. Assad, ki di l kandida paske lari a mande l sa, pwomèt li pral batay pou l fè leta pran responsabilitel ak pou Minustah mare pakèt li ale. Pi lwen, kandida senatè ENTREH a presize jiskaprezan li pap sipòte okenn kandida alaprezidans, si l pran yon desizyon nan sans sa a pi devan, lap fè piblik la konnen.
Lavèy rantre lekòl la, lendi 5 septanm nan, majistra Kafou a, Jude Edouard Pierre, rankontre maten vandredi a plizyè dizèn direktè lekòl ki nan komin nan. Alatèt administrasyon kominal la fè konnen li pa dakò ak desizyon gouvènman an pran pou l retire 100 milyon goud nan fon kolektivite tèritoryal yo, pou l peye delege ak vis delege yo, pandan majistra yo pokò menm kapab touche. Majistra Pierre, ki se tou prezidan Federasyon nasyonal majistra yo (FENAM), fè yon pledwaye pou tout komin nan repiblik la vin otonòm, paske jodi a yo pa benefisye anyen nan bidjè repiblik la.
Komisè polis Kafou a, Jean-Michel Jean-François, ki te prezan nan rankont sa a ant direktè lekòl yo ak meri a, anonse lap deplòtonnen yon santèn 100 polisye nan kat kwen komin nan, nan okazyon ouvèti lekòl la, pou elèv yo pa gen gwo pwoblèm pou yo sikile.