Ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide akonpanye ak kandidat alaprezidans pati Fanmi Lavalas la, doktè Maryse Narcisse mache nan lari Petyonvil jounen lendi 29 Dawout la, nan kad kanpay elektoral la. Responsab pati a anonse ouvèti ofisyèl kanpay la nan jou kap vini yo. Depite Printemps Bélizaire ak kandida osena lwès, Dr Louis Gérald Gilles, kandida osena sid, senatè Fritz Carlos Lebon ak plizyè dirijan pati a te nan delegasyon an. Dirijan lavalas yo ki te gen yon foul moun dèyè yo pase nan plizyè ri Petyonvil anvan yo te al fè yon deklarasyon devan laprès nan Otèl Kinam sou plas St-Pierre. Ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide, ki pa soti fasil, deklare peyi a malad, se nesesite pou Dr Maryse Narcisse antre nan palè nasyonal 7 fevriye 2017. Deja, li prezante l kòm pwochèn Prezidant Dayiti.
Menm jan ak lidè pati a, kandidat alaprezidans la, Doktè Maryse Narcisse, deklare Ayiti malad li pare pou l ini tout pitit peyi a pou yo mete l sou chimen devlopman.
Kandida pou pòs senatè Lwès la, doktè Louis Gerald Gilles deklare vizit sa a nan komin Petyonvil, se yon avan gou pou kanpay elektoral pati a prevwa louvri nan jou kap vini yo.
Fòk nou di patizan Fanmi Lavalas yo ak bann Rara yo te kreye anpil animasyon pandan pasaj yo nan komin Petyonvil.
Kandida alaprezidans platòm Pitit Desalìn nan, Jean Charles Moïse, denonse prezidan KEP a, Léopold Berlanger, daprèzavwa li ta nonmen Apaid kòm direktè sant tabilasyon an, san'l pat presize ki Apaid, nan okazyon lansman kanpay elektoral li dimanch aprèmidi, Akayè, devan yon foul patizan. Prèske tout kandida senatè platfòm nan, biznismann ayisyano-ameriken Dumarsais Siméus, pitit ansyen prezidan Dumarsais Estimé, Raymonde Estimé, ekriven Gérard Marie Tardieu, dirijant PDCH la, Marie-France Claude, ansyen senatè Clarck Parent, sè li, ansyen majistra Petyonvil la, Claire Lydie Parent, pwofesè Gracien Jean, militant politik Barbara Guillaume, biznismann Mathias Pierre, ansyen majistra Kafou a, Yvon Gérôme, te prezan kòm alye kandida alaprezidans la pou yo te akonpanye l nan mobilizasyon elektoral sa a, ki te bay Jean-Charles Moïse okazyon, pou devan plizyè milye moun, li te fè atak sou LAPEH, PHTK ak Fanmi Lavalas.
Kòdinasyon kanpay kandida alaprezidans LAPEH a, Jude Célestin, anonse ouvèti kanpay li nan vil Akayè, mèkredi 31 out. Nan yon konferans pou laprès jounen lendi a, chèf kanpay Célestin an, ansyen minis enteryè sou Prezidan René Préval, Paul Antoine Bien-Aimé, deklare yo oblije prepare yon lòt pwogram akòz gen plizyè ansyen kandida alaprezidans ki te nan G8 la kap sipòte lidè LAPEH a, donk program yo pral defann kounyeya se pa ansyen kandida sa yo tou. Chèf kanpay nan soulinye yo chwazi Akayè pou lansman kanpay Jude Célestin an paske vil sa a reprezante yon gwo senbòl nan istwa peyi a. Konsènan yon sondaj BRIDES te soti, ki montre kandida PHTK a, Jovenel Moïse, ta ap mennen byen lwen devan Jude Célestin, nan entansyon vòt yo, ansyen minis la, ki fè tou pati staf dirijan Platfòm Verite yo, kwè sondaj sa a pa syantifik.
Sou bò pa yo, Kòdonatè nasyonal kanpay Jude Celestin an, Audain Fils Bernadel, ak manm kòdinasyon kanpay nan, André Fadot, envite tout moun nan popilasyon an reponn prezan nan randevou Akayè a. 2 responsab yo salye kouraj ak detèminasyon kandida LAPEH a yo soulinye ki fè jodi a peyi a pa tonbe nan yon sitiyasyon pi difisil.
Kandida alaprezidans Renmen Ayiti a, Mèt Jean Henry Céant, ap louvri kanpay li samdi 3 septanm nan, nan Jeremi. Yonn nan Pòtpawòl ekip kanpay li, Jorchemy Jean-Baptiste, pale de relasyon espesyal kandida a genyen ak depatman Grandans ki pouse'l al louvri kanpay li nan zòn sa a. Nan yon entèvyou li bay Radio Kiskeya, responsab la pwofite mete aksan sou enkyetid li di Renmen Ayiti genyen konsènan yon seri desizyon KEP a pran tankou redui kantite biwo vòt yo ak ogmante lis elektè ki sou lis elektoral la pou chak BV.
Senatè Latibonit Youri Latortue fè konnen se kandida alaprezidans PHTK a, Jovenel Moïse, lap sipóte nan eleksyon 9 oktòb yo, men li egzije fók gen chanjman ki fèt nan pati a. Palmantè a di li anómal pou li ap mennen kanpay ansanm ak yon seri moun non yo site nan rapó komisyon etik ak anti kóripsyon an kóm moun ki te mal jere lajan peyi a. Alatèt Ayiti an Aksyon an yon lót pa, denonse desizyon KEP a pran pou redui kantite biwo vót yon nan pwochèn eleksyon yo pandan li ogmante kantite elektè yo.
Kandida senatè lwès anba banyè RDNP a, mèt André Michel, louvri kanpay elektoral li jounen lendi a nan otèl Oloffson, an prezans plizyè pèsonalite politik, plizyè dizèn militan ak responsab òganizasyon de baz. Sekretè jeneral RDNP a, Myrlande Manigat, responsab Platfòm Jistis la, Jean Nazaire Thidé, kandida senatè Grandans anba banyè RDNP a, Janin Léonidas, te akonpanye Mèt Michel pou lansman sa a. Lidè RNDP a, Mirlande Manigat, deklare pou l te akonpanye mèt André Michel nan ouvèti kanpay li, li oblije dezobeyi medsen l ki te mande l pa pran lari anvan madi oswa mèkredi, akòz operasyon li sot fè nan men dwat li, samdi pase.
-----------------------------------------------------------------------------------------------
Premye minis Enex Jean Charles deklare gouvènman an déjà pran dispozisyon pou l bay KEP a tout mwayen nesesè pou l óganize premye tou eleksyon yo 9 októb yo. Gouvènman an ap gen pou l dekese yon twazyèm tranch lajan pou konsèy la 15 septanm paske a KEP a egzije lajan sa a pou pou eleksyon yo rive reyalize jan kalandriye elektoral la prevwa l la. Premye minis la fè deklarasyon sa a jounen lendi a pandan l te al reponn yon konvokasyon chanm depite a. Egzekitif la ap pran tout prekosyon pou mwayen leta pa itilize nan kanpay elektoral la, selon Enex Jean-Charles ki bay garanti se moun popilasyon an vote kap eli.
Premye minis la anonse se yon anvlóp 1.7 milya goud gouvènman an mobilize ane sa a pou rantre lekól la ki fikse pou lendi 5 septanm nan. Enex Jean-Charles fè konnen lajan pou peye pwofesè nan ki nan pwogram PSUGO a déjà disponib nan ministè finans epi tout pwosfesè ki genyen lèt nan men yo ap kómanse resevwa chèk yo anvan ouvèti lekól la. Li presize leta pa koupe sibvansyon li te konn bay pou rantre lekól la, yo sèlman bese l.
Prezidan Chanm depite a, Cholzer Chancy, nan entèvansyon l kritike premye minis la ki pat reponn 3 konvokasyon chanm nan te voye ba li mwa pase yo. Pou palmantè Ayiti Ann Aksyon an, desizyon sa a monre volonte mesye Jean Charles pou l pa bay enstitisyon palmantè a valè l. Cholzer Chancy mande kólèg li yo ranmase karaktè yo pou yo kapab fè travay kontwól aksyon gouvènman an.
Chèf gouvènman an fè konnen se akóz pwoblèm santé ki fè li pat reponn konvokasyon sa yo. Enex Jean Charles di li rekonèt se palman an ki ba l pouvwa a, li toujou prè pou l reponn kesyon palmantè yo, men doktè l te mande l pou l pat patisipe nan seri rankont sa yo. Premye minis la kritike depite yo poutèt yo pa kapab reyini ann asanble nasyonal pou yo panche sou só Prezidan Privert, jan akó a prevwa l la.
Reprezantan dezyèm sikonskripsyon an nan chanm Depite a, anba banyè PHTK, Jean René Lochard, denonse Enex Jean Charles li di ki refize vinn reponn kesyon depite yo paske li genyen nan tèt li depite yo apre yo finn ale an vakans, 12 septanm, yo pap kapab tounen dezyèm lendi janvye 2017.Palmantè PHTK a mande premye minis la reprann li paske palman an pap fè yon pa kita yon pa nago.Jean Rene Lochard denonse yon lót pa nominasyon Himler Rébu kòm sekretè deta sekirite piblik, san li pa gen dechaj kóm ansyen minis jenès, spó ak aksyon sivik sou rejim Martelly a. Depite Lochard mande chèf gouvènman an revoke mesye Rébu prese prese pou evite plis tèt chaje.
Premye minis Enex Jean Charles voye jete demand depite Lochard la. Selon pwofesè dwa administratif nan inivèsite leta a, pa gen okenn kote nan konstitisyon an ak lalwa ki entèdi yon moun ki te minis ki pokò gen dechaj sou jesyon l vin sekretè deta oubyen direktè jeneral nan administrasyon piblik la.