NOT POU LAPRES
Pòtoprens jou ki 26 novanm 2014
Noumenm, reprezantan yon gwoup pati, regwoupman ak òganizasyon politik ki nan opozisyon an, gen :
- Gwo kè sote devan katastwòf ki ka fè Prezidan Repiblik la konprann li ka dirije peyi a pa dekrè apre 12 janvye 2015, yon bagay ki depaman ak regleman Konstitisyon an epi prensip demokratik yo ki vle fòk twa pouvwa yo, chak enstitisyon nan wòl pa yo, bay leta a ekilib li ;
- Kè nou ki ap senyen, lè nou prevwa ki jan Palman ayisyen an ka depatcha le 12 janvye 2015 paske pat gen volonte reyèl ki te pèmèt òganizasyon bon jan eleksyon nan peyi a pandan twa (3) dènye lane yo ;
- Devan gwo tèt chaje ki menase peyi a, nou kwè fòk gen volonte travay ansanm pou nou jwenn yon konpwomi politik ki ap bon pou tout moun, tout sektè yo nan vi nasyonal la, yon mannyè pou nou tabli yon klima tèt poze pou pèmèt òganizasyon bon jan eleksyon, lib, onèt ak demokratik ki respekte libète tout pati ak moun genyen pou patisipe nan eleksyon, pou remete kanpe pèsonèl politik la sou de pye l ;
Se pou sa, pandan n ap kite yon pòt tou louvri pou tout lòt estrikti politik ki gen kè sote menm jan ak nou, devan kriz sila a ki menase pou l kraze tout nannan prensip fondalnatal demokrasi nan peyi a, nou chita jodi a, pou ansanm nou jwenn yon solisyon ki ka evite NASYON AYISYEN AN tonbe nan gwo katchouboumbe ki ap pwente sou nou 12 janvye 2015, yon mannyè pou nou sove sa nou deja jwenn nan goumen pou demokrasi a epi favorize bon jan kondisyon pou lapè, amoni ak sekirite ki endispansab pou byennèt PÈP AYISYEN AN.
Reprezantan pati, regwoupman ak òganizasyon politik ki siyen nòt sa a, se :
NON AK SIYATI PATI/REGWOUPMAN/OGANIZASYON POLITIK
Me. Jean-Henry Céant PLATEFORME RENMEN AYITI
Jose Ulysse ANSANM NOU FÒ
Chavannes Jeune ACCRHA
Marc Guillaume UPAN
Sené Debré Juslair RAMPHA
Mélisca Pierre Romestil PRENACOP
Dessieu Precius Harry KONFYANS
Nickel Pierre CRI DES NIPPES
Dorvil Jacques RENAG
Polyte Macsonne (MUDHAH) PARTI DE LA DISAPORA HAITIENNE POUR HAITI
Karl M. Gaetjens BLOC (20)
Jacquelin Jean PATRIYÒT NATIF NATAL (PNN)
Me. Jacques Mathelier,av MOLAC-SUD
Mr. Lindor Obrane GRAPACH
Ing. Pierre Jean Renaud FODDEG (Gd. Anse)
Dr. Guyny François IJRA (Sud d'Est)
Dieudonné Guillaume RASIN NÒDÈS
Noel Hérold OJTADL (Nord)
Phisonore Vilbond OPAC (Plateau Central)
Pierre Marc Eudef AJIR (Artibonite)
Jodas Sainvil FEDONO (Nord d'Ouest)
Ketty Adam Surin UPDC